SILANS 11.15 - 10% RABÈ AK KÒD -> SILANS10

About

STILL BRAV, ki gen bon non Yves-Derly Rolambert Robinson, se yon atis ayisyen ki fèt 15 Novanm nan Petit-Bourg de Port-Margot, nan Nò peyi Ayiti. Li grandi ant lafwa, legliz, mizik levanjil ak son Radyo 4VEH ki te toujou ap viv nan kay la, pandan papa li, san l pa menm konnen, t ap simen nan li premye grenn lanmou pou mizik. A 15 an, li antre Okap, kote lavi kontinye fòme l atravè lekòl, sinema, radyo, televizyon ak eksperyans atistik ki vin bay vwa li plis pwofondè.

Non STILL BRAV la soti nan yon fraz papa li te toujou repete lè yo mande l kijan li ye: "Nou la, n ap fè brav." Pandan papa li te vivan toujou, Yves-Derly te deja chwazi pote pawòl sa a kòm non atis li, yon fason pou onore l, imòtalize yon pati nan filozofi li epi pote eritaj li pi lwen pase yon jenerasyon. Apre disparisyon papa li, non an vin pran yon dimansyon menm pi pwofon: li pa sèlman yon non atis ankò, li se yon prezans, yon memwa ak yon rapèl ke lavi ka frape, men fòk nou toujou jwenn yon fason pou rete kanpe.

Mizik STILL BRAV la viv nan menm kwazman sa a: chalè lanmou AYITI, solèy cho, bèl plaj, nostalji zile yo nan Karayib la, ritm rasin zansèt afriken yo, ansanm ak enfliyans mizik oksidantal la sitou kilti HIP-HOP la. Se yon son kote sansiblite rankontre ritm, kote doulè ka danse ak espwa, kote lanmou, desepsyon, silans, rezistans ak gerizon jwenn pwòp lang pa yo.

STILL BRAV pa sèlman chante sa li viv; li chante sa anpil moun santi men yo pa toujou jwenn mo pou yo di. Chak chante se yon ti moso memwa, rasin, blesi, lanmou ak limyè, yon envitasyon pou moun ki janm pèdi, renmen, soufri, reve oswa leve ankò rekonèt yon pati nan tèt yo ladan l.

STILL BRAV, yon non ki fèt nan lanmou pou yon papa, yon son ki soti nan rasin, ak yon istwa ki toujou ap kontinye.